Font Size
Lik 8:17-19
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 8:17-19
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
17 Tout bagay ki kache gen pou parèt aklè. Tout bagay ki te fèt ankachèt gen pou devwale, epi tout moun gen pou wè yo. 18 Fè atansyon sou jan n ap tande pawòl la. Paske, moun ki gen bon konprann, y ap ba li plis bon konprann. Men, nenpòt moun ki pa gen bon konprann, menm sa l te sanble genyen an y ap retire l nan men l.”
Se disip Jezi ki vrè fanmi li
(Mat 12:46-50; Mak 3:31-35)
19 Manman ak frè Jezi yo te vin parèt. Men, poutèt foul la, yo pa t kapab rive kote Jezi te ye a.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International