Add parallel Print Page Options

38 Nonm ki te gen move lespri sou li a t ap ensiste pou l te ale avèk Jezi, men Jezi te refize. Li voye l ale, li di l: 39 “Retounen lakay ou, al rakonte sa Bondye fè pou ou.”

Nonm nan ale, li mache nan tout lavil la ap fè konnen sa Jezi fè pou li.

Jezi resisite yon jèn fi epi li geri yon madam

(Mat 9:18-26; Mak 5:21-43)

40 Lè Jezi retounen nan Galile, yon foul moun te kontan resevwa li, paske tout moun t ap tann li.

Read full chapter