Add parallel Print Page Options

43 Nan foul la te gen yon fi ki te gen yon emoraji sou li depi douzan. Li gentan depanse tout resous li te genyen kay doktè,[a] men yo youn pa t ka geri li. 44 Li bat li pase pa dèyè, li touche ke rad Jezi epi lamenm emoraji a koupe. 45 Apre sa, Jezi di: “Ki lès ki touche m nan?”

Tout moun di se pa yo menm. Epi Pyè di: “Mèt, ou nan kalite foul sa a, moun fwote sou ou, moun toupatou?”

Read full chapter

Footnotes

  1. 8:43 Li gentan depanse … doktè Kèk kopi nan lang Grèk pa gen pawòl sa yo.