Font Size
Mak 1:39-41
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Mak 1:39-41
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
39 Se konsa li te mache bay mesaj la nan sinagòg yo ki nan tout rejyon Galile a, epi li t ap chase demon.
Jezi geri yon nonm malad
(Mat 8:1-4; Lik 5:12-16)
40 Yon nonm ki te gen yon move maladi po vin kote Jezi, li mete ajenou devan l epi li mande Jezi fè yon bagay pou li. Nonm nan di Jezi: “Si ou vle ou kapab geri m.”[a]
41 Jezi te santi l endinye[b] poutèt nonm nan. Li lonje men l epi li touche nonm nan. Li di: “Mwen vle. Geri!”
Read full chapterFootnotes
- 1:40 geri m Mo grèk itilize nan vèsè sa a vle di “pirifye”, paske yon maladi po konsa te fè po moun nan sal, men plis ankò, yon moun konsa pa t pwòp ase pou fè sèvis pou Bondye.
- 1:41 endinye Pi fò nan kopi Grèk yo genyen “Boulvèse ak pitye …”. Men li difisil pou eksplike poukisa kèk bon kopi Grèk ak tradiksyon nan lang Laten yo genyen “Ranpli ak kòlè …”, yon bann teyolojyen jodi a panse se sa ki tèks orijinal la.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International