Add parallel Print Page Options

Jezi geri yon nonm malad

(Mat 8:1-4; Lik 5:12-16)

40 Yon nonm ki te gen yon move maladi po vin kote Jezi, li mete ajenou devan l epi li mande Jezi fè yon bagay pou li. Nonm nan di Jezi: “Si ou vle ou kapab geri m.”[a]

41 Jezi te santi l endinye[b] poutèt nonm nan. Li lonje men l epi li touche nonm nan. Li di: “Mwen vle. Geri!” 42 La menm, maladi po a te disparèt sou nonm nan, li te geri epi li te pwòp.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:40 geri m Mo grèk itilize nan vèsè sa a vle di “pirifye”, paske yon maladi po konsa te fè po moun nan sal, men plis ankò, yon moun konsa pa t pwòp ase pou fè sèvis pou Bondye.
  2. 1:41 endinye Pi fò nan kopi Grèk yo genyen “Boulvèse ak pitye …”. Men li difisil pou eksplike poukisa kèk bon kopi Grèk ak tradiksyon nan lang Laten yo genyen “Ranpli ak kòlè …”, yon bann teyolojyen jodi a panse se sa ki tèks orijinal la.