Add parallel Print Page Options

Men sa Jan t ap di yo: “Moun ki gen pou vin apre m nan pi puisan pase m. Mwen pa bon ase pou m ta demare lasèt sandal li. Mwen batize nou nan dlo, men li menm l ap batize nou nan Sentespri a.”

Jan te batize Jezi

(Mat 3:13-17; Lik 3:21-22)

Nan epòk Jan t ap batize moun nan, Jezi sot Nazarèt, yon ti vil ki nan rejyon Galile, epi Jan te batize l tou nan rivyè Jouden an.

Read full chapter