Font Size
Mak 10:13-15
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Mak 10:13-15
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi resevwa timoun yo
(Mat 19:13-15; Lik 18:15-17)
13 Moun yo te pote yon ekip timoun bay Jezi pou l te ka mete men sou tèt yo pou l beni yo. Men disip yo menm t ap di moun yo non. 14 Lè Jezi wè sa k t ap pase a, li te vin fache epi li di yo: “Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou moun ki sanble ak timoun sa yo. 15 An verite, mwen di nou: Nenpòt moun ki pa aksepte Wayòm Bondye a tankou jan yon timoun aksepte tout bagay, li p ap ka antre ladan l.”
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International