Add parallel Print Page Options

33 Nou dwe renmen li ak tout kè nou, ak tout lespri nou, ak tout nanm nou, epi ak tout fòs nou; epi renmen pwochen nou menm jan ak pwòp tèt nou. Sa gen plis valè pase tout ofrann ak sakrifis nou ka ofri ba li.”

34 Lè Jezi wè li reponn ak sajès, li di l konsa: “Ou pa twò lwen wayòm Bondye a.” Apre sa, pa t gen direktè Lalwa ki te brav ase pou oze poze l kesyon ankò.

Èske Mesi a se pitit David?

(Mat 22:41-46; Lik 20:41-44)

35 Pandan Jezi t ap anseye nan tanp lan, li mande: “Ki jan doktè lalwa yo ka di Mesi a se pitit David?

Read full chapter