Add parallel Print Page Options

Yo klouwe Jezi sou you kwa

(Mat 27:32-44; Lik 23:26-43; Jan 19:17-19)

21 Sou wout la, yo jwenn yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, ki t ap soti nan jaden. Li te papa Aleksann ak Rifis. Sòlda yo fòse Simon pote kwa Jezi a. 22 Yo mennen Jezi yon kote yo rele Gòlgota, ki vle di: “zo tèt.” 23 Se la yo ba li divin melanje ak lami, men li pa t bwè l.

Read full chapter