Add parallel Print Page Options

14 Apre sa, pandan l ap pase, li wè Levi, pitit Alfe a, ki te chita bò yon tab pou ramase taks kontribisyon. Jezi di l: “Swiv mwen. Levi leve kanpe epi li swiv Jezi.”

15 Apre sa, Jezi t al manje lakay Levi, te gen anpil anplwaye kontribisyon la, ak kèk lòt moun ki t ap viv nan peche epi ki t ap manje ansanm ak Jezi epi disip li yo. Yo te anpil epi yo t ap swiv Jezi tou. 16 Men, lè kèk nan eskrib yo ki te farizyen tou, yo te wè Jezi ap manje ak moun k ap viv nan peche ansanm ak anplwaye kontribisyon, yo di disip Jezi yo: “Ak ki kalite moun Jezi ap manje la a?”

Read full chapter