Add parallel Print Page Options

Anpil moun ap swiv Jezi

Jezi ak disip li yo al bò lak Galile a, epi yon foul moun ki te sòti nan Galile ak nan Jide t ap swiv yo. Te gen moun ki sòti nan Jerizalèm, nan Idime, lòt bò rivyè Jouden an ak nan zòn Tir ak Sidon ki t ap swiv li tou. Se te you gwo foul moun. Yo te vin wè Jezi paske yo te tande sa li t ap fè.

Alò Jezi di disip li yo pou yo pare yon ti bato pou li pou foul la pa ta antoure l twòp.

Read full chapter