Font Size
Mak 4:17-19
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Mak 4:17-19
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
17 Men yo pa kite l pran rasin nan lavi yo. Yo kenbe l sèlman pou yon ti tan. Kon latwoublay tonbe sou yo, oubyen pèsekisyon vini poutèt pawòl yo te resevwa a, yo kite sa tonbe.
18 Gen lòt moun ankò, yo tankou raje pikan kote grenn ki simen an tonbe. Moun sa yo tande pawòl la, 19 men lavi yo vin plen ak lòt bagay: sousi lavi a, lanmou lajan, epi ak tout lòt kalite bagay yo ta renmen genyen. Bagay sa yo pa kite pawòl la grandi, epi li pa bay bon rezilta nan lavi yo.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International