Font Size
Mak 4:20-22
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Mak 4:20-22
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
20 Epi gen lòt moun ki tankou yon bon tè kote grenn nan simen. Yo tande pawòl la epi yo aksepte li. Konsa yo grandi epi yo byen donnen: kèk bay 30 fwa plis, kèk 60, epi kèk 100 fwa plis.”
Chache konprann sa ou tande
(Lik 8:16-18)
21 Apre sa, Jezi di yo: “Èske yo mete yon lanp anba yon bokit, oubyen anba yon kabann? Èske se pa anlè yo mete l. 22 Paske pa gen anyen ki kache yo p ap dekouvri, epi pa gen anyen ki sekrè ki p ap devwale.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International