Add parallel Print Page Options

Jezi rakonte yon lòt istwa sou grenn

26 Jezi di yo: “Wayòm Bondye a tankou you kiltivatè k ap plante grenn nan tè.” 27 L al dòmi aswè, li leve lajounen san pwoblèm. Pandan tan sa a, grenn nan leve, li grandi, san kiltivatè a pa konnen ki jan. 28 Tè a pwodui grenn poukont li; plant lan parèt anvan, apre sa li fè zepi, epi grenn vin plen zepi yo.

Read full chapter