Add parallel Print Page Options

19 Ewodyas te kenbe jan nan kè poutèt bagay sa a. Li te vle touye Jan, men li pa t kapab. 20 Ewòd te pè pou l touye Jan. Li te konnen Jan se yon nonm ki jis epi ki sen, konsa Ewòd te pwoteje Jan. Li te renmen tande Jan, menm si sa Jan t ap di yo te fè l poze tèt li plis kesyon toujou.

21 Men, pral gen yon bèl okazyon pou Ewodyas aji nan jou fèt nesans Ewòd la. Ewòd fè yon gwo fèt lamanjay pou tout gwo chèf ki nan gouvènman l lan, pou lame a ak pou tout moun enpòtan nan Galile.

Read full chapter