Add parallel Print Page Options

29 Jezi reponn yo: “Kalite lespri sa yo se sèlman ak lapriyè[a] ou ka chase yo.”

Jezi pale sou lanmò li

(Mat 17:22-23; Lik 9:43b-45)

30 Apre sa, Jezi ak disip li yo kite kote yo te ye a, yo t ap vwayaje nan Galile, li pa t vle moun konnen ki kote yo te ye. 31 Li te vle anseye disip li yo sèlman. Li te di yo: “Yo gen pou yo trayi Pitit Lòm nan. Yo gen pou yo livre l anba pouvwa lèzòm. Yo gen pou yo touye l, men sou twazyèm jou a li gen pou l resisite.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 9:29 lapriyè Kèk kopi nan lang Grèk ki gen mo “lapriyè ak jèn”.