Add parallel Print Page Options

28 Men okontrè, si se pouvwa Lespri Bondye a m sèvi pou m chase demon, sa vle di wayòm Bondye a deja tabli pami nou. 29 Pèsòn pa ka antre nan kay yon nèg vanyan pou l vòlè afè l, si li pa mare l anvan. Lè vòlè a fin mare l, l ap ka kòmanse vòlè atò. 30 Yon moun ki p ap travay avè m, ap travay kont mwen. Yon moun ki p ap ede m sanble, se gaye l ap gaye.

31 Konsa, m ap di kèlkeswa peche yon moun fè l ap jwenn padon pou li, men kanta moun ki pale Sentespri a mal, pa gen padon pou yo. 32 Yon moun ki pale Pitit Lòm nan mal, li pou l jwenn padon. Men nenpòt moun ki pale Sentespri a mal p ap jwenn padon ni jodi a ni nan jou ki gen pou vini yo.

Aksyon w montre kilès ou ye

(Lik 6:43-45)

33 Bon pyebwa bay bon fwi. Yon move pyebwa ap bay move fwi. Se sou fwi pyebwa ou ap rekonèt si l bon ak si l pa bon. 34 Bann ras vipè! Se fè mal ase nou pwòp! Èske nou t ap janm di bon bagay? Se pawòl yon moun ki fè w konnen sa k nan kè l. 35 Yon bon moun ka di bon bagay paske gen bon bagay ki sere nan kè l. Yon move moun se mechanste ase ki nan kè l. Se sa k fè li di move bagay. 36 Men tande sa m ap di nou: nan jou jijman an, lèzòm gen pou yo rann kont sou tout pawòl san fondman ki te soti nan bouch yo. 37 Nan jou sa a, se sou pawòl ou ki pral detèmine si w koupab oswa si w inosan.”

Kèk moun gen dout sou otorite Jezi

(Mak 8:11-12; Lik 11:29-32)

38 Apre sa kèk pwofesè lalwa ak kèk Farizyen di Jezi: “Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak ki ka sèvi prèv Bondye avè w toutbon.”

Read full chapter