Matye 26:57-27:26
Haitian Creole Version
57 ¶ Moun ki te arete Jezi yo mennen l' kay Kayif, granprèt la. Se la tout dirèktè lalwa yo ansanm ak chèf fanmi yo te reyini.
58 Pyè t'ap swiv Jezi yon ti jan lwen lwen, jouk yo rive nan lakou kay granprèt la. Li antre nan lakou a tou, li chita ak gad yo pou l' wè kouman sa t'apral fini.
59 Chèf prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi, pou yo te ka kondannen l' amò.
60 Men, yo pa t' kapab jwenn anyen malgre anpil moun te vin fè anpil manti sou li.
61 Bout pou bout, de moun parèt. Yo di: Nonm sa a di: Mwen kapab kraze tanp Bondye a, epi nan twa jou m'a rebati l' ban nou.
62 Granprèt la leve, li di Jezi: Ou pa reponn anyen? Kisa mesye yo ap di sou ou konsa?
63 Jezi pa louvri bouch li. Granprèt la di l' ankò: Nan non Bondye vivan an, m'ap mande ou pou di nou verite a: Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye a?
64 Jezi reponn li: Se ou ki di li. Men, m'ap di nou sa, depi jòdi a n'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m' ap vini sou nwaj yo nan syèl la.
65 Lè sa a, granprèt la chire rad ki te sou li a, li di: L'ap pale mal sou Bondye. Sa nou bezwen lòt temwen fè: Nou fèk tande ak zòrèy nou jan l' pale mal sou Bondye.
66 Kisa nou di nan sa? Yo reponn: Li antò, se pou yo touye li.
67 Lè sa a, yo pran krache nan figi l', yo tonbe ba l' kout pwen. Gen ladan yo ki ba l' souflèt.
68 Yo di li: Kris, si ou konnen, di nou non! Di nou ki moun k'ap frape ou konsa.
69 ¶ Pyè menm te chita deyò nan lakou a. Yon sèvant pwoche bò kote l', li di li konsa: Ou menm tou, ou te avèk Jezi, nonm Galile a.
70 Men, Pyè demanti l' devan tout moun, li di: Mwen pa konnen sa w'ap di la a.
71 Apre sa, Pyè leve, li ale bò pòtay lakou a. La, yon lòt sèvant wè li. Li di moun ki te la yo: Nonm sa a te avèk Jezi, nonm Nazarèt la.
72 Pyè demanti l' tou, li di: M'ap fè sèman, mwen pa konnen nonm sa a.
73 Yon ti kadè apre, moun ki te la yo pwoche, yo di Pyè konsa: Se vre wi, monchè. Ou fè pati moun sa yo tou. Jan ou pale a fè nou rekonèt ou.
74 Lè sa a, Pyè pran fè sèman, li di yo: Mwen mande Bondye pou nenpòt bagay rive m' si m' manti: Mwen di nou non, mwen pa konnen nonm sa a. Menm lè a, kòk chante.
75 Latou, Pyè vin chonje pawòl Jezi te di l' la: Anvan kòk chante, ou va gen tan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Pyè soti, li tonbe kriye jouk li pa t' kapab ankò.
27 ¶ Nan granmaten, tout chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la, yo mete tèt yo ansanm sou do Jezi. Yo pran desizyon pou fè touye li.
2 Apre yo fin mare l', yo mennen l' ale, yo renmèt li bay Pons Pilat, gouvènè peyi a.
3 Jida menm, nonm ki te trayi Jezi a, lè l' wè yo te kondannen Jezi, remò pran l', li pote trant pyès lajan yo tounen bay chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi yo. Li di konsa:
4 Sa m' fè a mal. Se yon inonsan mwen lage nan men nou. Yo reponn li: Ki mele nou sa? Sa se zafè pa ou.
5 Jida jete pyès lajan yo nan tanp lan, li soti, li ale pann tèt li.
6 Chèf prèt yo ranmase lajan an, yo di konsa: Sa se lajan san. Lalwa nou pa pèmèt nou mete lajan konsa nan kès tanp lan.
7 Apre sa, yo tonbe dakò pou yo achte yon jaden nan men yon nonm ki te konn fè krich. Yo pran tè a sèvi simityè pou etranje ki mouri nan peyi a.
8 Se poutèt sa, jouk jounen jòdi a, yo rele jaden sa a: Jaden san.
9 Se konsa pawòl pwofèt Jeremi te di a rive vre: Yo pran trant pyès lajan yo. Se pri sa a moun ras Izrayèl yo te dakò peye pou li.
10 Ak lajan an, yo achte jaden nonm ki konn fè krich la, dapre lòd Bondye te ban mwen an.
11 ¶ Jezi parèt devan gouvènè a. Gouvènè a keksyonnen l', li mande li: Ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: Se ou ki di li.
12 Chèf prèt yo ak chèf fanmi yo t'ap depoze anpil plent kont Jezi. Jezi menm pa t' reponn anyen.
13 Pilat di li: Ou pa tande tout plent yo depoze sou do ou?
14 Men Jezi pa ba l' repons sou anyen. Sa te fè Pilat sezi anpil.
15 Pou chak fèt Delivrans gouvènè a te konn lage yon prizonye. Se pèp la ki te konn chwazi kilès.
16 Lè sa a, te gen yon prizonye yo te rele Jezi Barabas. Tout moun te konnen ki moun li ye.
17 Lè Pilat wè pèp la sanble deyò a, li di yo: Kilès nou vle m' lage ban nou: Jezi Barabas osinon Jezi yo rele Kris la?
18 Pilat te byen konnen se jalouzi ki te fè yo mennen Jezi ba li.
19 Antan Pilat te chita sou fotèy jij li nan tribinal la, madanm li voye di li: Nonm sa a inonsan tande. Pa mele nan zafè sa a. Paske yèswa, mwen soufri anpil poutèt li nan dòmi.
20 Chèf prèt yo ak chèf fanmi yo pran tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l' lage Barabas ba yo, pou l' fè touye Jezi.
21 Gouvènè a pran lapawòl, li di yo: Kilès nan de a nou vle m' lage ban nou? Yo reponn: Barabas.
22 Pilat mande yo: Bon. Kisa pou m' fè ak Jezi yo rele Kris la? Yo tout reponn: Kloure l' sou yon kwa!
23 Pilat di yo: Ki movezak li fè konsa? Yo rele pi fò toujou: Kloure l' sou yon kwa!
24 Lè Pilat wè li pa t' kapab fè anyen ankò, paske pèp la te soti pou l' te fè plis dezòd toujou, li pran dlo, li lave men l' devan tout foul moun yo. Li di yo: Mwen menm, mwen pa reskonsab lanmò nonm sa a. Sa, se sou kont nou li ye.
25 Tout pèp la reponn: Se pou reskonsablite lanmò l' tonbe sou nou ak sou tout pitit nou yo.
26 ¶ Apre sa, Pilat lage Barabas ba yo. Li fè yo bat Jezi byen bat, li renmèt yo li pou y al kloure l' sou yon kwa.