Add parallel Print Page Options

13 Apre sa Jezi di nonm ki te gen men pòk la: “Lonje men w!” Nonm nan lonje men li, epi men pòk la te vini menm jan ak bon men an. 14 Apre sa, Farizyen yo leve y ale, epi yo t ap fè plan pou wè kijan ki pi fasil pou yo touye Jezi.

Jezi se moun Bondye chwazi a

15 Men Jezi te konnen ki plan Farizyen yo te gen pou li. Konsa li kite zòn nan ak yon foul moun ki t ap swiv li. Li geri tout malad ki te la.

Read full chapter