Add parallel Print Page Options

23 Moun ki te la yo te etone anpil, epi se yon sèl pawòl ki te nan bouch yo: “Sanble nonm sa a se Pitit Bondye te pwomèt David la.”

24 Lè Farizyen yo tande sa, yo di: “Se paske l sèvi Satan[a] ki fè l gen pouvwa pou l chase demon sou moun.”

25 Jezi ki te konnen sa ki t ap pase nan tèt yo te pale konsa: “Yon wayòm ki divize ap fini pa kraze. Yon vil oswa yon fanmi k ap goumen tout tan pa la pou lontan.

Read full chapter

Footnotes

  1. 12:24 Satan Literalman, “Bèlzebil” ki chèf tout demon yo.