Add parallel Print Page Options

Aksyon w montre kilès ou ye

(Lik 6:43-45)

33 Bon pyebwa bay bon fwi. Yon move pyebwa ap bay move fwi. Se sou fwi pyebwa ou ap rekonèt si l bon ak si l pa bon. 34 Bann ras vipè! Se fè mal ase nou pwòp! Èske nou t ap janm di bon bagay? Se pawòl yon moun ki fè w konnen sa k nan kè l. 35 Yon bon moun ka di bon bagay paske gen bon bagay ki sere nan kè l. Yon move moun se mechanste ase ki nan kè l. Se sa k fè li di move bagay.

Read full chapter