Font Size
Matye 13:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 13:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
12 Nenpòt moun ki jwenn bon konprann kounye a gen pou yo jwenn plis pase sa yo gen bezwen. Men, nenpòt moun ki manke bon konprann ap gen pou yo pèdi menm ti sa yo te genyen an. 13 Se poutèt sa, m ap pale ak yo an parabòl.
Konsa, menm lè yo wè, yo pa wè vre.
Menm lè yo tande, yo pa ni tande ni konprann vre.
14 Sitiyasyon yo a se yon akonplisman pwofesi Ezayi a:
Ou ap koute sou koute,
men ou p ap konprann anyen.
Ou ap gade sou gade,
men ou p ap wè anyen.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International