Font Size
Matye 13:13-15
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 13:13-15
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
13 Se poutèt sa, m ap pale ak yo an parabòl.
Konsa, menm lè yo wè, yo pa wè vre.
Menm lè yo tande, yo pa ni tande ni konprann vre.
14 Sitiyasyon yo a se yon akonplisman pwofesi Ezayi a:
Ou ap koute sou koute,
men ou p ap konprann anyen.
Ou ap gade sou gade,
men ou p ap wè anyen.
15 Kè pèp sa vin tounen zanpoud.
Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande,
yo fèmen je yo pou yo pa wè.
Si kè yo pa t tounen zanpoud
yo ta wè ak je yo,
yo ta tande ak zòrèy yo,
yo ta konprann, yo ta tounen vin jwenn mwen,
mwen ta geri yo.[a]
Footnotes
- 13:15 Sitasyon sa a soti nan Eza 6:9-10.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International