Add parallel Print Page Options

Pandan l ap simen grenn, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo nan syèl vini, yo manje grenn yo. Yon lòt pati nan grenn yo tonbe sou karyann, kote ki gen yon ti gras tè. Grenn yo jèmen byen vit, men plant yo pa t pran anpil tan pou yo mouri, paske tè a pa fon ase pou rasin yo antre. Konsa lè chalè solèy la te frape sou plant yo, yo te mouri paske yo pa t gen bon rasin.

Read full chapter