Font Size
Matye 16:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 16:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Kèk moun gen dout sou otorite Jezi
(Mak 8:11-13; Lik 12:54-56)
16 Farizyen yo ak Sadiseyen yo te pwoche bò kote Jezi, yo te vle pase Jezi yon tès. Yo mande li pou l fè yon mirak ki bay prèv Bondye avè l.
2 Jezi reponn yo: “Si nou wè syèl la tou wouj lè solèy pral kouche, nou di l ap fè bon tan. 3 Nan maten, si nou wè syèl la yon jan sonb, nou di jodi a l ap fè lapli. Nou ka gade syèl la epi nou konnen ki tan li pral fè. Poutan, nou pa menm rive konprann siy ki gen rapò ak nou menm jodi a.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International