Add parallel Print Page Options

Jezi pale sou koze peye taks

24 Jezi ak disip li yo ale lavil Kapènawòm. Lè yo rive la, pèseptè k ap ranmase lajan taks pou tanp la pwoche bò kote Pyè, epi yo mande l: “Èske Mèt ou a p ap peye lajan taks tanp la?”

25 Pyè reponn: “Sètènman, l ap peye l!”

Epi Pyè antre anndan kay kote Jezi te ye a. Anvan menm Pyè kòmanse pale, Jezi di li: “Lè wa sou latè fikse tout kalite taks, kilès ou panse ki gen pou peye yo, Simon, pitit wa a osinon lòt sitwayen?”

26 Pyè reponn li: “Se lòt sitwayen yo ki dwe peye!” Jezi di: “Se vre, pitit wa yo pa bezwen peye anyen.”

Read full chapter