Font Size
Matye 2:21-23
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 2:21-23
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
21 Konsa, Jozèf pran ti pitit la ak manman l, yo retounen nan peyi Izrayèl. 22 Men, lè Jozèf tande se Akelayis, pitit Ewòd la, ki te pran plas papa l kòm wa nan rejyon Jide a, li te pè pou retounen nan zòn sa a. Konsa, apre Bondye te avèti l nan yon rèv, Jozèf t al rete nan rejyon Galile pito. 23 Li t al rete nan yon ti vil yo rele Nazarèt. Sa fè nou konprann pi byen sa pwofèt yo te di a: “Y a rele li moun Nazarèt.”[a]
Read full chapterFootnotes
- 2:23 Nazarèt Moun Nazarèt oubyen Nazareyen. Mo sa a sonnen nan lang ebre a tankou “branch”. Konsa li posib Bondye t ap fè referans a pwomès branch li te fè fanmi David. Gade nan Eza 11:1; Jer 23:5; 33:15; Zak 3:8; 6:12.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International