Add parallel Print Page Options

Ewòd rele maj yo sou kote pou l chache konnen ki premye fwa yo te wè zetwal la. Apre yo fin pale, Ewòd voye maj yo ale Bètleyèm. Epi li di yo: “Al pran bon jan enfòmasyon sou ti pitit la, lè nou jwenn li n a fè m konnen, paske mwen menm tou m ta vle adore l.”

Lè maj yo fin tande sa Ewòd di a, y al fè wout yo. Apre sa, zetwal yo te wè lè yo te an Oryan an reparèt, li kondui yo jouktan l rive sou kote pitit la te ye a.

Read full chapter