Add parallel Print Page Options

22 Jezi di li: “M pa kwè ou konprann sa w ap mande la a. Èske nou ka bwè nan menm gode[a] mwen pral bwè a?”

Mesye yo reponn: “Wi, nou kapab!”

23 Jezi di yo: “Se vre, n ap gen pou n bwè nan gode a. Men kanta pou privilèj pou youn chita adwat, lòt la chita agoch la, sa pa depann de mwen. Papa a rezève plas sa yo pou moun li vle.”

24 Lè lòt dis disip yo tande sa, yo te fache anpil ak de frè yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 20:22 gode Nan ekspresyon sa a, gode se yon senbòl ki vle di soufrans. Jezi sèvi ak lide “bwè nan yon gode” pou di li aksepte soufrans li t apral rankontre nan evènman yo ki te prèt pou rive. Gade tou nan vèsè 23.