Font Size
Matye 21:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 21:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
10 Lè Jezi antre nan lavil Jerizalèm, tout vil la te boulvèse. Yon bann moun t ap mande: “Kilès nonm sa a ye?”
11 Epi foul moun yo t ap reponn: “Se Jezi, pwofèt la, ki soti Nazarèt, nan rejyon Galile.”
Jezi mete lòd nan tanp lan
(Mak 11:15-19; Lik 19:45-48; Jan 2:13-22)
12 Apre sa, Jezi antre nan lakou tanp la. Li mete deyò tout moun ki t ap vann oswa achte. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ak ban moun ki t ap vann pijon yo.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International