Font Size
Matye 21:26-28
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 21:26-28
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
26 Men tou si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, n ap nan gwo pwoblèm ak pèp la, paske yo tout konsidere Jan kòm yon pwofèt.”
27 Konsa yo di Jezi: “Nou pa konnen ki kote l soti.” Jezi di yo:
“Si se konsa, mwen menm tou, mwen p ap di nou kilès ki ban m otorite pou m fè sa m fè yo.”
Parabòl de pitit gason yo
28 “Di m kijan nou konprann sa? Yon papa te gen de pitit gason. Yon jou li di pi gran an: Pitit mwen, al travay nan jaden rezen m nan pou mwen jodi a.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International