Add parallel Print Page Options

23 Malè pou nou, nou menm Farizyen yo ak pwofesè lalwa yo! Nou twò ipokrit! Paske nou bay Bondye ladim sou pye mant, pye anetwale ak pye pèsi.[a] Men kanta pou sa ki enpòtan yo nan lalwa Moyiz la tankou jistis, kè sansib, fidelite, nou kale yo yon bèl vag. 24 Nou avèg epi n ap kondui moun! Yon bò, nou pase sa n ap bwè nan paswa pou nou pa vale mouch, yon lòt bò nou vale yon gwo chamo.

25 Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou netwaye deyò tas la ak deyò bòl la byen netwaye, men anndan yo plen ak bagay nou vòlè pou nou fè tèt nou plezi.

Read full chapter

Footnotes

  1. 23:23 nou bay … pye pèsi Literalman, “Ou bay ladim sou mant, anetwale, epi pèsi.” Lalwa Moyiz la te oblije moun Izrayèl yo pou ye te pataje pwovizyon manje yo, yo te dwe konsakre yon dizyèm pati nan rekòt jaden yo ak sa yo te genyen bay Bondye (gade nan Lev 27:30-32; Det 26:12). Sa pa t gen ladan ti plant piti konsa jan yo mansyone l isit la. Konsa Farizyen yo te bay plis pase sa yo te dwe pou yo te kapab sèten yo pa t vyole Lalwa.