Add parallel Print Page Options

34 Se poutèt sa, mwen pral voye ba nou pwofèt, moun saj, ak moun ki konn anseye byen. Se sèten nou pral touye kèk nan yo, nou pral krisifye kèk lòt. Genyen nou pral bat nan sinagòg nou yo. Gen kèk lòt ankò n ap pèsekite soti yon vil rive nan yon lòt.

35 Konsa, n a resevwa chatiman pou tout moun inosan ki mouri sou latè soti sou Abèl, yon nonm ki te inosan, pou rive sou Zakari,[a] pitit Barachi a, nou te asasinen ant lotèl la ak kay ki apa pou Bondye a. 36 M pa kache di nou sa, Bondye p ap manke pini jenerasyon sa a.

Read full chapter

Footnotes

  1. 23:35 Abèl, Zakari Nan Ansyen Testaman an ki nan lang Ebre, Abèl se premye moun yo te touye, epi Zakari se dènye moun yo te touye.