Font Size
Matye 25:13-15
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 25:13-15
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
13 Konsa, nou dwe toujou pare, paske nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè Pitit Lòm nan ap retounen.
Yon istwa sou twa sèvitè
(Lik 19:11-27)
14 Wayòm syèl la se tankou yon nonm ki ap pati pou yon vwayaj byen long. Li rele sèvitè li yo pou l ba yo responsab tout byen li genyen. 15 Li gade sou kapasite chak moun pou l konn ki kantite byen pou l bay yo responsab. Li rele yon premye li ba li senk sak lajan.[a] Li rele yon dezyèm, li ba li de sak. Li bay yon twazyèm yon sak. Apre sa li pati.
Read full chapterFootnotes
- 25:15 sak lajan Literalman, “yon talan” se yon kantite lajan ki te peze anviwon 27 a 36 kg lò, lajan. Gade tou nan vèsè 20, 22, 24, 28.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International