Add parallel Print Page Options

15 Li gade sou kapasite chak moun pou l konn ki kantite byen pou l bay yo responsab. Li rele yon premye li ba li senk sak lajan.[a] Li rele yon dezyèm, li ba li de sak. Li bay yon twazyèm yon sak. Apre sa li pati. 16 Sèvitè ki te resevwa senk sak lajan an pa t pèdi tan pou l te kòmanse fè l travay. Li fè yon benefis menm gwosè ak manman lajan an. 17 Sèvitè ki te resevwa de sak lajan an fè benefis de lòt sak.

Read full chapter

Footnotes

  1. 25:15 sak lajan Literalman, “yon talan” se yon kantite lajan ki te peze anviwon 27 a 36 kg lò, lajan. Gade tou nan vèsè 20, 22, 24, 28.