Add parallel Print Page Options

Se sou Janbatis Ezayi t ap pale, lè l te di:

“Gen yon vwa nan dezè a k ap pale byen fò:
Fè chemen pou Senyè a.
    Fè wout yo byen dwat devant l.”[a]

Jan te abiye ak yon rad ki fèt ak plim po chamo. Li te gen yon sentiwon an kui nan ren li. Li te konn manje krikèt ak siwo myèl. Moun te soti Jerizalèm, nan tout rejyon Jide a, ak nan tout zòn rivyè Jouden an pou yo vin tande Jan.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:3 Sitasyon sa a soti nan Eza 40:3.