Add parallel Print Page Options

17 Depi lè sa a, Jezi te kòmanse preche mesaj li a. Li t ap di moun yo: “Chanje direksyon lavi nou, paske wayòm Bondye a rive sou nou.”

Jezi chwazi kèk disip

(Mak 1:16-20; Lik 5:1-11)

18 Pandan Jezi t ap mache bò lak Galile a, li te wè de frè, Simon yo rele Pyè ak frè li Andre. Mesye sa yo t ap peche pwason ak yon senn. Paske mesye sa yo se pechè pwason yo te ye. 19 Jezi di yo: “Vin swiv mwen! Mwen pral montre nou peche moun pito.”

Read full chapter