Add parallel Print Page Options

Aksyon w fè montre ki moun ou ye

(Lik 6:43-44; 13:25-27)

15 Fè atansyon ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo, men anndan se yon pakèt bèt fewòs yo ye. 16 Aksyon yo fè ap pèmèt nou idantifye yo aklè. Yo pa konn keyi rezen sou pye pikan! Yo pa konn ranmase fig sou touf pikan! 17 Menm jan an tou, yon bon pyebwa donnen bon fwi, yon move pyebwa donnen move fwi.

Read full chapter