Add parallel Print Page Options

16 Nan aswè, yo mennen bay Jezi yon pakèt moun ki te gen demon sou yo. Jezi pase move lespri yo lòd epi l chase yo. Li geri tout malad yo te mennen ba li yo. 17 Konsa, Jezi fè sa pawòl pwofèt Ezayi a te di:

“Li ranmase tout sa ki t ap fè nou soufri mete sou do l,
    li geri tout maladi nou yo.”[a]

Swiv Jezi

(Lik 9:57-62)

18 Lè Jezi wè li antoure ak yon gwo foul moun, li bay disip li yo lòd pou travèse sou lòtbò lak la.

Read full chapter

Footnotes

  1. 8:17 Sitasyon sa a soti nan Eza 53:4.