Add parallel Print Page Options

17 Konsa, Jezi fè sa pawòl pwofèt Ezayi a te di:

“Li ranmase tout sa ki t ap fè nou soufri mete sou do l,
    li geri tout maladi nou yo.”[a]

Swiv Jezi

(Lik 9:57-62)

18 Lè Jezi wè li antoure ak yon gwo foul moun, li bay disip li yo lòd pou travèse sou lòtbò lak la. 19 Lè sa a, yon skrib pwoche bò kote Jezi, epi li di: “Mèt, m ap swiv ou kèlkeswa kote ou ale.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 8:17 Sitasyon sa a soti nan Eza 53:4.