Font Size
Matye 8:26-28
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 8:26-28
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
26 Jezi di yo: “Pouki nou si tèlman pè? Lafwa nou vrèman piti!” Apre sa, Jezi leve kanpe, li kòmande van an fè silans, epi tout bagay antre nan lòd.
27 Mesye yo te etone anpil, epi youn t ap di lòt: “Ki kalite moun nonm sa a ye? Menm van ak vag lanmè obeyi l?”
Jezi chase demon sou de mesye
(Mak 5:1-20; Lik 8:26-39)
28 Lè Jezi rive nan peyi Gadarenyen[a] yo, sou lòtbò lak la, de mesye te vin rankontre l. Mesye sa yo t ap viv nan yon simityè, epi yo te gen demon sou yo. Mesye sa yo te reprezante yon gwo danje, pèsòn pa t oze pase nan wout sa a ankò.
Read full chapterFootnotes
- 8:28 Gadarenyen Kèk kopi nan lang Grèk genyen “Jerazenyen”, kèk lòt ankò genyen “Jegazenyen”.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International