Add parallel Print Page Options

28 Jezi antre andan yon kay, avèg yo antre dèyè l. Jezi mande yo: “Èske nou kwè m ka fè nou wè ankò?” Yo reponn li: “Wi, Senyè.”

29 Jezi touche je yo, epi li di yo: “Tout bagay ap pase jan nou kwè l la.” 30 La menm, mesye yo te wè. Apre sa, Jezi pale avèk yo byen sevè, li di yo: “Pa kite okenn moun konnen sa ki rive a.”

Read full chapter