Font Size
Neemi 3:14-16
Haitian Creole Version
Neemi 3:14-16
Haitian Creole Version
14 Se Malkija, pitit gason Rekab la, chèf lavil Bèt akerèm lan, ki te rebati Pòtay Depotwa a, li menm ansanm ak pitit gason l' yo. Yo plante gwo poto pòtay yo nan tè, yo moute batan yo, epi yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la.
15 Se Chaloum, pitit gason Koloze a, gouvènè lavil Mispa a, ki te rebati Pòtay Fontenn lan. Li mete yon twati sou li, yo moute batan yo, epi yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la. Li refè miray ki soti bò letan Chela a tou, toupre jaden wa a, rive jouk bò macheskalye ki desann soti nan lavil David la.
16 Neemi, pitit Azbouk, chèf mwatye lavil Bèt-Sou a, te rebati pòsyon ki vin apre a, rive bò tonm David la, bò sitèn dlo a, ak bò kazèn Vanyan gason yo.
Read full chapter