Add parallel Print Page Options

16 Nan men dwat li, li kenbe sèt zetwal, epi nan bouch li, yon nepe soti. Pwent nepe a file epi li koupe nan de bò. Figi li t ap briye menm jan ak yon gwo solèy midi.

17 Lè m wè l, mwen tonbe nan pye l, menm jan ak yon moun mouri. Li poze men dwat li sou mwen epi li di: “Ou pa bezwen pè! Se mwen menm ki premye a, se mwen menm ki dènye a. 18 Se mwen menm ki vivan an. Mwen te mouri, men kounye a, mwen vivan pou tout tan epi mwen gen pouvwa sou lanmò, mwen gen pouvwa sou kote mò yo ye a.

Read full chapter