Font Size
Revelasyon 1:8-10
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 1:8-10
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
8 Senyè a deklare: “Mwen se Alfa ak Omega,[a] mwen se premye, mwen se dènye. Se mwen ki la, ki te la, epi k ap vini an, sila a ki gen tout pouvwa a.”
9 Mwen se Jan, frè nou, k ap patisipe nan menm detrès la, menm wayòm ak menm pèseverans nan Jezi ak nou. Yo te ekzile m sou zile yo rele Patmòs[b] la, poutèt m t ap di laverite ki konsènen Jezi epi mwen t ap anonse mesaj Bondye a. 10 Nan jou Senyè a, Sentespri Bondye te pran kontwòl mwen nèt, epi m tande yon vwa ki te sonnen byen fò, menm jan ak yon kout twonpèt.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International