Font Size
Revelasyon 13:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 13:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Bèt ki soti nan lanmè a
13 Apre sa, m wè yon bèt monte soti nan lanmè a. Li te gen dis kòn ak sèt tèt. Te gen yon kouwòn sou chak kòn. Epi sou chak tèt te gen yon non pou joure Bondye. 2 Bèt mwen wè a te sanble ak yon leyopa. Pat li yo te menm jan ak pat yon lou epi bouch li te menm jan ak bouch yon lyon. Dragon an bay bèt sa a puisans li a, twòn li ak yon gran pouvwa.
3 Youn nan tèt bèt la te blese prèt pou mouri. Men kote l te blese prèt pou mouri a geri. Tout moun sou latè t ap admire epi t ap swiv bèt sa a.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International