Font Size
Revelasyon 13:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 13:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
7 Li te jwenn pouvwa pou l goumen ak moun ki apa pou Bondye yo ak pouvwa pou l ranpòte laviktwa sou yo. Li te jwenn pouvwa sou tout tribi, tout ras moun, sou tout lang ak sou tout peyi. 8 Tout moun toupatou sou latè pral adore bèt la. Moun sa yo se moun ki pa t gen non yo ekri nan liv lavi Ti Mouton an depi anvan mond lan te kòmanse. Ti Mouton an, se li menm yo te touye a.
9 Nenpòt moun ki gen zòrèy pou tande
ta dwe tande sa:
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International