Add parallel Print Page Options

Epi m tande yon gwo bri soti nan syèl la, yon bri tankou bri gwo inondasyon dlo k ap desann ansanm ak gwo kout loray. Men bri sa a te fè m sonje yon bann moun ki konn jwe gita, ki t ap jwe. Pèp la t ap chante yon chan nouvo devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo ansanm ak granmoun yo. Moun ki te ka aprann chan nouvo sa a se 144,000 moun sa yo sèlman, moun yo te rachte sou latè yo. Pa gen pyès lòt moun ankò ki te ka aprann li.

Moun sa yo se moun ki pa t sal tèt yo nan fè peche seksyèl ak fi, yo san peche. Y ap mache dèyè Ti Mouton an tout kote l ale. Yo se moun ki te rachte pami lèzòm tankou ofrann pou Bondye ak pou Ti Mouton an.

Read full chapter