Add parallel Print Page Options

13 Apre sa, m wè twa move lespri, yo te sanble ak krapo, youn t ap soti nan bouch dragon an, youn ki t ap soti nan bouch bèt la, epi youn ki t ap soti nan bouch fo pwofèt la. 14 Lespri sa yo, se demon yo te ye. Se twa lespri demon ki t ap fè anpil mirak. Yo pral rasanble tout wa sou latè pou batay ki gen pou fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a.

15 “Tande sa! M ap vini sanzatann, menm jan ak yon vòlè. Benediksyon pou moun ki pa kite dòmi pran yo, epi ki rete tou abiye. Yo p ap mache toutouni sou moun, pou yo pa wont lè moun wè yo toutouni.”

Read full chapter