Add parallel Print Page Options

Fanm nan te gen yon rad mov ak wouj sou li. Li te chaje ak bijou an ò, ak wòch tout kalite koulè ki gen anpil valè ansanm ak anpil grenn pèl. Li te gen yon koup an ò nan men l ki te plen ak aksyon abominab ak tout bagay sal yon pwostitye gen nan lavi l. Fanm nan te gen yon non ekri sou fon l. Non sa a gen yon sans sekrè. Men non an:

Gwo lavil Babilòn nan

manman tout pwostitye yo

ansanm ak tout move zak sou latè

M gade, m wè fanm nan te sou. Li te sou avèk san pèp Bondye a li te bwè. Li sou avèk san moun k ap rann temwanyaj pou Jezi yo. Lè m te wè fanm nan, mwen te sezi anpil.

Read full chapter